DHS Pibliye yon Règ sou Chaj Piblik ki Jis epi ki Imen
Dat Piblikasyon : 08 septanm 2022
WASHINGTON – Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an (DHS) te pibliye yon desizyon final, ki dwe parèt nan Rejis Federal la, ki pote klète ak konsistans pou moun ki pa sitwayen yo sou fason DHS pral jere motif pou non-kalifikasyon pou chaj piblik. Desizyon an retabli konpreyansyon istorik sou 'chaj piblik' ki te anvigè depi pandan plizyè dizèn ane, jiskaske Administrasyon anvan an te kòmanse konsidere avantaj siplemantè sante piblik tankou Medicaid ak èd alimantè kòm yon eleman nan detèminasyon motif pou non-kalifikasyon pou chaj piblik. Desizyon ki te anonse jodi a temwaye angajman Administrasyon Biden nan pou retabli konfyans nan sistèm imigrasyon legal nou an.
Sekretè Sekirite Enteryè Alejandro N. Mayorkas te deklare : ‘’Aksyon sa a garanti tretman jis ak imanitè pou imigran legal yo ak manm fanmi yo ki gen nasyonalite amerikèn . "Konfòmeman ak valè fondamantal Lamerik yo, nou pa pral penalize moun ki chwazi jwenn aksè avèk avantaj sante ak lòt sèvis gouvènmantal siplemantè ki disponib pou yo."
“ Direktè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini, Ur M. Jaddou te deklare : An akò avèk valè nasyon nou an, politik sa a trete tout moun n ap sèvi egal-ego epi avèk respè” . “Menm si gen anpil bagay pou nou fè pou simonte konfizyon ak laperèz, n ap kontinye travay pou kraze baryè nan sistèm imigrasyon an, retabli lafwa ak konfyans pami kominote imigran nou yo, epi elimine pil traka ki genyen nan pwosesis aplikasyon an.”
Seksyon 212(a)(4) Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (INA) rann yon moun ki pa sitwayen diskalifye si li “gen chans pou vini ak nenpòt moman yon chaj piblik”.
Yon moun ki pa sitwayen ka konsidere kòm yon 'chaj piblik', sa vle di ke li gen anpil chans pou vin prensipalman depandan de gouvènman an pou sibzistans li, kapab wè yo refize li admisyon oswa rezidans pèmanan legal (yo rele li souvan grinkat). Anvan 2019, prèske tout avantaj gouvènmantal ki pa lajan kach tankou Medicaid oswa èd alimantè yo te eskli, yo pa t pran yo ankont. Règleman 2019 la, ki te finalman anile epi ki pa anvigè ankò, te lakòz yon bès nan enskripsyon nan pwogram sa yo pami moun ki pa sijè ak motif diskalifikasyon pou chaj piblik, tankou timoun sitwayen Ameriken nan fwaye ki gen estati miks. Piblikasyon règ sa a nan Rejis Federal la ap evite efè sa yo dapre konpreyansyon istorik tèm nan ki kodifye fòmèlman.
Dapre règ sa a, menm jan ak Gid Pwovizwa ki Anvigè ane 1999 la ki te anvigè pandan de (2) dènye deseni ki sot pase yo, yon moun ki pa sitwayen ka konsidere kòm yon chaj piblik si DHS detèmine ke li gen anpil chans pou vin prensipalman depann de gouvènman an pou sibzistans li. Detèminasyon sa a pral baze sou:
- Laj moun ki pa sitwayen an; sante; sitiyasyon familyal; byen, resous, sitiyasyon finansyè, edikasyon ak konpetans,” jan INA egzije sa;
- Depo fòmilè I-864, Afidavi pou Sipò dapre Atik 213A INA, ki te soumèt nan non yon moun ki pa sitwayen lè yo mande youn; epi
- Moun ki pa sitwayen an te resevwa Revni Sekirite Siplemantè (SSI) anvan oswa ap resevwa kounye a; èd lajan kach pou garanti revni nan kad Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Nesesite (TANF); Pwogram benefis lajan kach Eta, Tribi, Teritoryal, oswa lokal pou kenbe revni (souvan yo rele “Asistans Jeneral”); oswa depandans alontèm nan yon enstitisyon sou kont gouvènman an.
DHS p ap konsidere nan detèminasyon chaj piblik la, avantaj lòt manm fanmi ki pa aplikan an resevwa. DHS p ap konsidere tou resepsyon sèten avantaj ki pa lajan kach moun ki pa sitwayen yo ka gen aksè. Avantaj sa yo enkli: Pwogram Èd Alimantè Siplemantè (SNAP) oswa lòt pwogram nitrisyon, Pwogram Asirans Sante pou Timoun yo (CHIP), Medicaid (ki pa pou sejou alontèm nan yon enstitisyon), benefis lojman, tout benefis ki gen rapò avèk vaksen oswa tès pou maladi kontajye, oswa lòt benefis siplemantè oswa benefis espesyal.
DHS pral devlope yon mizajou nan Manyèl Règ la pou ede ofisye USCIS yo aplike règ sa a san patipri epi nan yon fason sistematik epi pou pi byen enfòme piblik la sou fason règ la pral aplike. DHS pral fè tou aksyon sansibilizasyon ak angajman piblik pou minimize risk konfizyon oswa dekourajman pami moun ki pa sitwayen ak sitwayen Ameriken yo.
Desizyon final la pral antre anvigè 23 desanm 2022, epi l ap pibliye nan Rejis Federal la nan dat 9 septanm 2022. DHS ap fè aktyèlman evalyasyon chaj piblik konfòmeman avèk lwa ak Gid Pwovizwa Anvigè ane 1999 la epi li pral kontinye fè sa jiskaske li aplike desizyon final la pou aplikasyon ki gen yon mak lapòs nan dat efektif la oswa apre dat la.
Anons jodi a fè pati yon seri mezi Administrasyon sa a te pran pou pi byen ekilibre misyon DHS yo epi pou asire jesyon jis ak efikas nan sistèm imigrasyon nasyon nou an.