Naturalize Now (Haitian Creole)
لعربية |中文 |English|Español| Français| 한국인| Tagalog| Tiếng Việt
Bon nouvèl! Kòm yon rezidan pèmanan legal pou plis pase senk ane, ou ka elijib pou vin yon sitwayen ameriken atravè natiralizasyon.
Men ki jan pou w kòmanse pwosesis aplikasyon natiralizasyon w lan kounye a:
- Verifye anliy si w kalifye pou w natiralize sou www.uscis.gov/naturalization-eligibility.
- Panse pou w kontakte yon founisè ki otorize pou bay sèvis jiridik pou ba w konsèy, ou kapab jwenn sa gratis oswa peye yon ti kal kòb.
- Verifye kalifikasyon w pou w wè si yo pa ka retire frè a pou w epi sa ka rive ou menm aplike nan yon frè ki redui oswa gratis.
- Kreye yon Kont sou myaccount.uscis.gov.
- Prepare fòm N-400 ou an, Aplikasyon pou Natiralizasyon, epi soumèt aplikasyon ou an!
Avantaj ou genyen yo lè w se yon sitwayen Ameriken se:
- Dwa pou w rete Etazini;
- Kalifye pou w gen yon paspò Ameriken pou w ka vwayaje aletranje pi fasil;
- Dwa pou w vote, pou w patisipe nan eleksyon epi ou ka aplike pou kèk djòb federal ak deta.
- Evite frè renouvèlman pou Kat Rezidans epi ekonomize plis pase $540 pou chak fwa ou aplike pou renouvle kat la;
- Gen plis opsyon pou lè w bezwen rantre moun nan fanmi w Etazini;
- Opòtinite pou pitit ou ki gen pi piti 18 lane vin yon sitwayen Ameriken; epi
- Ou ap kapab jwenn pi bon travay ak pi bon revni, jan sa dwe ye pou kèk etid.
Plis pase 4.3 milyon moun ki gen Kat Rezidans tankou w vin sitwayen nan 5 lane ki sot pase yo epi plis pase 95 pousan moun ki aplike reyisi tès natiralizasyon yo a. Pa rete tann. Kòmanse jodi a pou w kapab sezi opòtinite pou w patisipe totalman epi pou w vin yon sitwayen Ameriken.
Sensèman,
Ur M. Jaddou
Direktris, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini
Pifò nan lyen sa yo disponib sèlman nan lang Anglè